Episode 1

Episode 1

Koute premye epizòd pòdkas Policite a

Nan premye nimewo sa, Policite ap prezante ekip lan epi pale de enpòtans yon ”think-tank” : Kisa Policite ye? Kisa yon think-tank ye? Poukisa ekip la deside fè yon ”think-tank” ? E poukisa yon ”think-tank” enpòtan? Premye sezon pòdkas sa rantre nan kad kanpay Policite ap mennen sou Politik Piblik sou rezo yo.

Direktris egzekitif la, Emmanuela Douyon, prezante premye nimewo sa. Epi lòt manm ekip la tankou Juwendo Denis, Yvens Rumbold, Steevens Simplus ak Lissbird Jeune patisipe tou.

Se Juwendo Denis ak Yvens Rumbold ki reyalize premye epizòd lan.

Steevens Placide te nan pwodiksyon ak reyalizasyon abiyaj li.

Nan pwochen epizòd lan,  nou pral pale de politik piblik paske fòk nou mande bon jan politik piblik

pou asire koyerans nan plan devlopman peyi nou.

Abone ak pòdkas sa pou w ka jwenn tout dènye nimewo  yo.